N ap chèche pwofesyonèl nan domèn sante mantal ki soti o Zetazini oubyen Kanada pou travay kòm volontè. Moun sa yo gendwa Ayisyen oubyen etranje men yo dwe pale kreyòl oubyen franse. Sa va pèmèt nou gen yon apwòch ki koòdone e ki byen òganize kote nou kapab konekte espètiz pwofesyonèl sa yo ak nesesite moun yo genyen ann Ayiti. Ansuit, sa pral pèmèt nou fòme Ayisyen ki pou jwe wòl sa yo.

Nou ka refere yon pwofesyonèl dapre demann ki fèt pou sèten kalite sèvis nan yon kominote. Nou byen kontan resevwa demann sa yo. Nou byen kontan tou lè gen pwofesyonèl tankou (sikològ, sikyat, terapet, doktè, travayè sosyal) ak lòt moun tankou (pè/pastè/mè, pwofesè, enfimyè) ki ofri sèvis yo pou yo ede kominote ayisyen yo, kit yo ann Ayiti kit yo deyò peyi a.

Enskri sou sit la. Klike sou bouton ki make REBATI a epi reponn kèk kesyon. Ou ap chwazi yon modpas k ap pèmèt ou chanje enfòmasyon ou bay yo si enfòmasyon sa yo chanje. Se ak òganizasyon imanitè ki konsène yo sèlman nou separe enfòmasyon sa yo. Mèsi pou tan ou pran pou ou bay enfòmasyon yo.

N ap kenbe ou okouran sa k ap pase etandone n ap bezwen èd ou pou mwa si se pa ane k ap vini yo.

Repons ou bay pou kesyon sa yo ap ede nou konnekte ou ak travay k ap fèt ann Ayiti a, on jan pou ou ka al sèvi kominote ki pi bezwen ou yo.

Enfòmasyon ou bay yo pa pral gaye toupatou. N ap kenbe yo pami lis moun ki gen konpetans espesyal pou n ka sèvi avèk yo sèlman pou bezwen sa a. N ap kontakte ou firanmezi Nasyonzini ak lòt òganizasyon responsab ap devlope epi amelyore estrateji pou entèvansyon.

Objektif kesyon yo se pèmèt nou konnekte ou ak òganizasyon ki gen bezwen espesifik, selon estanda entènasyonal nivo sèvis ki mache ak repons nan ka dezas. Gen kat nivo swen Komite Pèmanan Entè-Ajans devlope nan yon dokiman ki fè konsansis entènasyonal, Direktiv pou sante mantal ak sèvis sikososyal nan sitiyasyon ijans:

  1. Nivo 1: Sèvis premye degre nan kominote a

    1. Fè on jan pou moun yo pa soufri pou bezwen ki pi enpòtan yo (manje, sekirite, sekirite fizik)
  2. Nivo 2: Sipò pou fanmi yo ak pou kominote a

    1. Repons an ijans ki disponib pou fanmi ak kominote:
      1. Chache manm on fanmi, epi reyini yo youn ak lòt
      2. Kout men nan ka lanmò ak seremoni soulajman kominote a
      3. Kominikasyon ak tout moun sou mwayen pou yo boule ak pwoblèm yo
      4. Pwogram pou sipòte paran yo
      5. Aktivite edikasyon fòmèl osnon enfòmèl
  3. Nivo 3: Sipò òganize men ki pa espesyalize

    1. Entèvansyon ann ijans pou moun ki bezwen yon sipò pèsonèl, yon sipò fanmi, osnon yon sipò gwoup; entèvansyon sa a se moun ki resevwa fòmasyon menm si yo pa pwofesyonèl k ap fè li.
  4. Nivo 4: Sèvis espesyalize

    1. Entèvansyon sa a se pou moun ki gen difikilte pou yo fonksyone chak jou regilyèman malgre lòt kalite entèvansyon yo resevwa. Entèvansyon sa yo se sikològ ak sikyat ki fè yo sitou lè ka pasyan yo grav anpil.

Si ou enterese al travay kòm volontè ann Ayiti, n ap eseye idantifye moun ki ka travay nan nivo 2, 3, 4 oubyen moun ki pral fòme lòt moun ann Ayiti. Pale kreyòl osnon franse kouraman enpòtan anpil—pa dwe gen blòf nan kesyon sa a.

KLIKE SOU BOUTON REBATI A POU OU KONTINYE PREZANTASYON KONPETANS OU

Dwa pwoteje © 2010 rebati.org