Tranbleman tè ki pase Ayiti
a mete nou devan on sitiyasyon
pote soulajman prese prese
epi vini ak on repons ki kapab
ede Ayisyen REBATI Ayiti
Cheri yo a, men ‘rebati l pi
byen’
, jan ansyen Prezidan
Bil Klenntonn di l la.

Pou nou rebati Ayiti pi byen sa mande pou nou kontinye enterese nan peyi a, sa mande sipò moun k ap viv aletranje. Rebati Ayiti pral mande pou n fè gwo jefò pandan lontan lontan pou nou pran swen sante mantal moun yo ak pou nou ba yo sipò sikolojik. Konsekans sikolojik tranbleman tè a ak konsekans li sou sante mantal moun yo ap gen gwo enpak sou nenpòt efò k ap fèt pou rebati Ayiti.

Rebati.org se rezilta kolaborasyon ant kominote ayisyen ak òganizasyon pwofesyonèl ayisyen ki aletranje, moun k ap travay nan sante mantal ann Ayiti ansanm ak sant akademik, medikal ak sikolojik. Nou bay tèt nou misyon pou nou ede moun ki travay nan sante mantal òganize yo. Y ap kapab al bay èd yo dirèkteman ann Ayiti kon sa tou yo ka ede fòme moun k ap travay osnon k ap gen pou y al travay ann Ayiti (kit se pwofesyonèl nan sante mantal, pwofesè, enfimyè), konsa yo kapab tounen resous ki pou ede nan rebati Ayiti pi byen ak pou yo devlope ladrès nan bay swen sante mantal ak sikososyal.

Efò sa yo prale nan menm sans ak demach òganizasyon (AJANS) ki deja ap bay sekou sou teren an ap deplwaye, nan tèt ansanm ak Gouvènman Ayisyen, an ansanm ak ekip Òganizasyon Nasyonzini nan Pòtoprens, pou yo pote repons nan bezwen moun yo nan nivo sante mantal. Potekole sa a ak kapasite pou n rasanble plis entèvenan sikososyal posib ansanm ak anpil konpetans ka ogmante chans ak mwayen pou nou pote repons nan bezwen moun yo selon jan kriz la va parèt jou apre jou.

Anplis, nou espere jwenn lòt mwayen pou ede moun ki ann Ayiti ak gwoup Ayisyen ki lòt bò dlo jwenn klinisyen ak espesyalis nan sante mantal ki bò kote y ap viv ki ka pote yo sekou nan bezwen sikososyal ak sante mantal yo.

Dwa pwoteje © 2010 rebati.org